Li te di: "Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la."
Mak 1:15Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a.
Women 3:23Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.
Women 6:23Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.
Women 5:8Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li.
Efezyen 2:8-9ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove.
Women 10:9-10Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
2 Korentyen 5:17